The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


KIJAN POU MOUN

POTE PLENT

KONT DISKRIMINASYON NAN TRAVAY


Komisyon Ameriken Pou

Chans Egal Nan Travay


LWA SOU CHANS EGAL

NAN TRAVAY


Si ou kwè yon mèt travay, yon ajans travay, oubyen yon sendika te fè diskriminasyon kont ou lè ou te aplike pou yon travay oubyen pandan ou te deja nan travay-la poutèt ras, koulè, seks, relijyon, orijin nasyonal, laj, oubyen andikap-ou, ou gen dwa pote yon plent kont diskriminasyon devan Komisyon Ameriken pou Chans Egal nan Travay-la (EEOC).

EEOC fè aplike lwa federal nou pral nonmen la-a yo kont diskriminasyon nan travay:

Dapre Tit VII-la, Lwa ADA-a ak Lwa ADEA-a, li ilegal pou moun fè diskriminasyon nan nenpٍt ki nivo travay-la, san bliye nivo anbochaj, revokasyon, salè, distribisyon-travay, transfè anplwaye, pwomosyon, leyٍf, repran moun nan travay, benefis espesyal, plan pansyon, vakans ou konje, ou nenpٍt lٍt kondisyon ou sitiyasyon ki gen rapٍ ak travay-la.

Lwa sa-a yo defann nwizans seksyèl ak nwizans ki baze sou ras, koulè, relijyon, sèks, orijin nasyonal, andikap osinon pwoblèm fizik, oubyen laj, avèk diskriminasyon kont gwosè s ak pwoblèm ki gen rapٍ ak gwosès. Li ilegal tou pou moun pran revanch kont yon lٍt poutèt li pote plent pou diskriminasyon, poutèt li patisipe nan yon ankèt oubyen li pa dakٍ ak pratik diskriminatwa.

Met Travay Ki Konsene

Tit VII-la ak Lwa ADA-a konsène tout mèt travay prive, gouvènman Eta-yo ak gouvènman lokal-yo, epi enstitisyon lekٍl ki genyen 15 anplwaye ou plis. Lwa ADEA-a konsène tout mèt tavay prive ak enstitisyon lekٍl ki genyen 20 anplwaye ou plis. Lwa sa-yo konsène tou ajans travay prive e piblik, sendika ak komite patwona-sendika ki kontwole pwogram aprantisaj oubyen estaj.

Lwa EPA-a pwoteje tout anplawye Lwa Federal sou Salè ak Orè-a konsène (nou vle di Lwa sou Regleman Onèt nan Travay-la / the Fair Labor Standards Act).  Lwa sa-a konsène preske tout mèt travay.

Tit VII-la, Lwa ADEA-a ak Lwa EPA-a aplike tou pou gouvènman federal-la. Anplis sa, Seksyon 501 nan Lwa 1973 sou Reyabilitasyon-an, jan li amande-a, konsène gouvènman federal-la; se yon dispozisyon legal EEOC fè aplike e li gen ladan egzijans Lwa ADA-a fè kont diskriminasyon nan travay. Pou plis enfٍmasyon sou jan pou yon moun pote plent pou diskriminasyon nan yon travay federal, kontakte biwo EEO nan ajans federal kote swadizan diskriminasyon-an te fèt-la.

Kouman pou Pote Plent pou Diskriminasyon nan Travay

Nenpٍt ki moun (gason kou fi) ki kwè yo te vyole dwa travay-li, moun sa-a gen dwa pote plent pou diskriminasyon devan EEOC. Se konsa tou, yon moun, yon gwoup moun oubyen yon ajans gen dwa pote plent nan non yon lٍt moun.

Yon moun ka pote plent pa lapٍs oubyen an pèsonn nan biwo EEOC ki pi pre li-la. Se posib pou annyè telefonik lokal-la genyen yon nimewo pou biwo EEOC ki pi pre-a; yo konn pibliye nimewo sa-a sou ribrik "U.S. Government / Gouvènman Ameriken". Si ou rele nan nimewo 1-800-669-4000 (vwa) oubyen 1-800-669-6820(TTY), ou kapab pran kontak ak biwo EEOC ki pi pre-a. Anplis sa, ou kapab jwenn sou paj EEOC ki sou entènèt-la nimewo telefٍn ak enfٍmasyon sou kouman pou pote plent. Adrès paj-la se www.eeoc.gov.

Moun ki pote plent-la, se li ki responsab pou fè EEOC konnen tout chanjman ki fèt nan adrès-li ou nan nimewo telefٍn-li pandan EEOC ap travay toujou sou plent-la.

Tan Limit pou Pote Plent

Yon moun gen yon peryٍd 180 jou pou li pote plent devan EEOC, apre dat swadizan vyolasyon-an te fèt-la, yon fason pou moun sa-a pwoteje dwa-li. Tan limit180 jou sa-a kapab vin pi long, pou rive jouk 300 jou, si gen lwa Eta ou lwa lokal kont diskriminasyon ki kore plent-la tou. Dapre tout lwa EEOC fè aplike yo -sٍf Lwa EPA-a - yon moun fèt pou pote yon plent devan EEOC anvan li ale nan tribinal.

Tan limit sa-yo pa aplikab pou plent moun pote nan kad Lwa EPA-a. Men sèlman, kٍm anpil plent moun pote nan kad Lwa EPA-a, se plent ki konsène tou diskriminasyon pou sèks ki tonbe anba Tit VII-la, li kapab pi bon pou yon moun pote yon plent nan kad tou 2 lwa-yo pandan peryٍd tan lalwa bay-la.

Kijan yo Travay sou Plent pou Diskriminasyon

Lè yon moun pote yon plent, EEOC fè mèt travay-la konnen sa nan 10 jou. Otorite-yo travay sou zafè a pi rapid, si fè reyèl-yo sanble yo montre se posib pou te genyen diskriminasyon vre. Gen lٍt plent ki konn mande yon dezyèm ankèt, selon posiblite-yo, si li nesesè pou otorite-yo genyen plis enfٍmasyon. Otorite-yo gen dwa bloke yon plent nenpٍt ki lè, si EEOC kwè plis ankèt toujou pap rive pwouve te genyen yon vyolasyon lwa sou diskriminasyon nan travay-yo tout bon vre.

Otorite-yo kapab chwazi yon plent pou mete li nan pwogram abitraj EEOC-a, si ni moun ki pote plent-la, ni mèt travay-la enterese nan posiblite sa-a. Abitraj kapab ranplase yon ankèt e sa kapab rezoud yon plent byen vit.

Patisipasyon yon moun nan yon pwogram abitraj rete sekrè epitou se yon chwa moun sa-a fè san fٍse. Otorite-yo va rekٍmanse travay sou plent-la si abitraj-la pa bay bon rezilta.


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page