The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


FE REYEL SOU NWIZANS SEKSYEL

Nwizans seksyèl se yon fòm diskriminasyon ki vyole Tit VII Lwa sou Dwa Sivik 1964-la.

Avans seksyèl deplase, demann pou favè seksyèl avèk lòt konpòtman (jès ou pawòl) ki gen rapò ak sèks, reprezante yon nwizans seksyèl lè sa gen move konsekans dirèkteman ou endirèkteman sou travay moun ki sibi ou ki rejte nwizans-la, lè sa afekte san rezon randman yon anplwaye nan travay-li, oubyen lè sa kreye yon klima travay kote anplawye-a sibi kraponnay, opozisyon oubyen mank-dega.

Moun kapab komèt nwizans seksyèl nan divès sikonstans; pami sikonstans sa-a yo genyen sa nou pral site la-a yo, men se pa yo sèlman:

Sa ka itil viktim-nan si li fè moun kap komèt nwizans-la konnen ke li pa apresye sa lap fè a, epi konpòtman sa-a fèt pou l sispann. Pou viktim-nan soumèt doleyans-li, li ta fèt pou sèvi ak nenpòt ki mwayen moun konn itilize pou pote plent kont yon patwon, ou nenpòt ki sistèm li genyen a la dispozisyon-li pou sa. 

Lè EEOC ap mennen ankèt sou yon swadizan akizasyon kont nwizans seksyèl, li pran tout dosye-a an konsiderasyon: sikonstans-yo, tankou kalite avans seksyèl ki te fèt-yo, epi kontèks kote swadizan ensidan-yo te pase-a. EEOC sèvi ak fè reyèl-yo pou l pran yon desizyon sou akizasyon-yo, e li konsidere chak ka yon fason separe e apa.

Pi bon mwayen pou elimine nwizans seksyèl nan travay, se pran dispozisyon pou sa pa rive ditou. Li ta bon pou mèt travay-yo pran dispozisyon ki nesesè pou yo evite nwizans seksyèl. Yo ta fèt pou fè anplwaye-yo konnen klèman ke pap gen okenn tolerans pou nwizans seksyèl. Pou yo fè sa, yo ka tabli yon pwosesis efikas pou anplwaye-yo pote plent e soumèt doleyans-yo, epi yo ka pran imedyatman dispozisyon ki apwopriye-yo lè yon anplwaye pote plent.

KIJAN POU MOUN POTE PLENT

Si yo komèt diskriminasyon kont ou paske ou se yon fi oubyen yon gason, ou gen dwa resevwa yon dedomajman ki pou mete ou nan pozisyon kote ou ta dwe ye si diskriminasyon-an pat janm fèt. Ou andwa mande pou yo ba ou travay, pwomosyon, reprann ou nan travay-la, peye ou lajan ou pèdi oubyen lòt rekonpans. Se konsa tou, ou byen kapab mande domaj e enterè pou dedomaje ou pou lajan ou ka pèdi nan lavni, pou soufrans mantal oubyen pou deranjman ou kontraryete. Se menm jan tou, li posib pou otorite-yo bay mèt travay-la plis pinisyon toujou, si li te aji ak mechanste oubyen neglijans. Li posib tou pou ou mande mèt travay-la peye depans avoka-ou.

Moun ka pote plent kont nwizans seksyèl nan nenpòt biwo rejyonal Komisyon Ameriken pou Chans Egal nan Travay-la (U.S. Equal Employment Opportunity Commission). Gen biwo rejyonal nan 50 vil atravè Etazini e telefòn-yo nan pi fò annyè telefonik sou ribrik Gouvman Ameriken (U.S. Government). Pou moun jwenn enfòmasyon sou tout lwa EEOC fè aplike, yo ka telefone gratis nan nimewo sa-a: 800-669-EEOC. Nimewo TDD gratis EEOC-a se 800-800-3302. Si moun fè demann-la, yo ka jwenn dokiman sa-a sou lòt fòma.

Janvye 1994                                                                                                                                                                        EEOC-FS/HC-4


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page